Font Size
Matye 10:25-27
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 10:25-27
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
25 Elèv la kontan pou l tankou pwofesè li. Esklav la kontan pou l tankou mèt li. Si mwen menm ki tèt fanmi lan, yo gentan rele m Bèlzebil,[a] nou pa menm bezwen mande kijan yo pral trete nou, nou menm ki fè pati menm fanmi lan.
Gen krentif pou Bondye, pa pè lòt moun
(Lik 12:2-7)
26 Nou pa bezwen pè moun sa yo. Pa gen anyen ki kache ki p ap dekouvri yon jou. Pa gen anyen sekrè ki p ap devwale. 27 Sa m ap di nou an prive, nou mèt di l devan tout moun. Sa m ap di nou nan zòrèy, nou mèt monte sou tèt yon kay pou repete l byen fò.
Read full chapterFootnotes
- 10:25 Bèlzebil Se non yo te bay chèf denmon yo.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International