Add parallel Print Page Options

10 Men sa ki ekri sou li nan Bib la:

Men m ap voye mesaje m nan devan w.
    L ap prepare chemen an devan w.(A)

11 M ap di nou sa: Pami tout moun sou latè, pa gen youn ki gen plis valè pase Janbatis. Epoutan, moun ki mwens enpòtan nan wayòm Bondye a gen plis valè pase Janbatis. 12 Depi lè Janbatis kòmanse preche pou jis jounen jodi a, wayòm Bondye a ap sibi gwo vyolans. Gen anpil moun k ap sèvi ak lafòs pou eseye kontwole l.

Read full chapter