Add parallel Print Page Options

Men, kisa nou t al wè menm? Yon pwofèt? Wi. M ap di nou sa: Li plis pase yon pwofèt. 10 Men sa ki ekri sou li nan Bib la:

Men m ap voye mesaje m nan devan w.
    L ap prepare chemen an devan w.(A)

11 M ap di nou sa: Pami tout moun sou latè, pa gen youn ki gen plis valè pase Janbatis. Epoutan, moun ki mwens enpòtan nan wayòm Bondye a gen plis valè pase Janbatis.

Read full chapter