Add parallel Print Page Options

20 Li p ap kraze menm yon pye zèb.
    Li p ap etenn menm lanp ki prèske mouri.
L ap kenbe fèm jouktan lajistis gen viktwa.
21     Tout pèp sou latè ap mete espwa sou li.”[a]

Puisans Jezi soti nan Bondye

(Mak 3:20-30; Lik 11:14-23; 12:10)

22 Apre sa yo te mennen bay Jezi yon nonm ki te avèg epi bèbè an menm tan paske li te gen yon move lespri sou li. Jezi geri li. Epi nonm nan te wè epi li te pale.

Read full chapter

Footnotes

  1. 12:21 Sitasyon sa a soti nan Eza 42: 1-4.