Font Size
Matye 12:22-24
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 12:22-24
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Puisans Jezi soti nan Bondye
(Mak 3:20-30; Lik 11:14-23; 12:10)
22 Apre sa yo te mennen bay Jezi yon nonm ki te avèg epi bèbè an menm tan paske li te gen yon move lespri sou li. Jezi geri li. Epi nonm nan te wè epi li te pale. 23 Moun ki te la yo te etone anpil, epi se yon sèl pawòl ki te nan bouch yo: “Sanble nonm sa a se Pitit Bondye te pwomèt David la.”
24 Lè Farizyen yo tande sa, yo di: “Se paske l sèvi Satan[a] ki fè l gen pouvwa pou l chase demon sou moun.”
Read full chapterFootnotes
- 12:24 Satan Literalman, “Bèlzebil” ki chèf tout demon yo.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International