Add parallel Print Page Options

32 Yon moun ki pale Pitit Lòm nan mal, li pou l jwenn padon. Men nenpòt moun ki pale Sentespri a mal p ap jwenn padon ni jodi a ni nan jou ki gen pou vini yo.

Aksyon w montre kilès ou ye

(Lik 6:43-45)

33 Bon pyebwa bay bon fwi. Yon move pyebwa ap bay move fwi. Se sou fwi pyebwa ou ap rekonèt si l bon ak si l pa bon. 34 Bann ras vipè! Se fè mal ase nou pwòp! Èske nou t ap janm di bon bagay? Se pawòl yon moun ki fè w konnen sa k nan kè l.

Read full chapter