Add parallel Print Page Options

36 Men tande sa m ap di nou: nan jou jijman an, lèzòm gen pou yo rann kont sou tout pawòl san fondman ki te soti nan bouch yo. 37 Nan jou sa a, se sou pawòl ou ki pral detèmine si w koupab oswa si w inosan.”

Kèk moun gen dout sou otorite Jezi

(Mak 8:11-12; Lik 11:29-32)

38 Apre sa kèk pwofesè lalwa ak kèk Farizyen di Jezi: “Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak ki ka sèvi prèv Bondye avè w toutbon.”

Read full chapter