Add parallel Print Page Options

Kèk moun gen dout sou otorite Jezi

(Mak 8:11-12; Lik 11:29-32)

38 Apre sa kèk pwofesè lalwa ak kèk Farizyen di Jezi: “Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak ki ka sèvi prèv Bondye avè w toutbon.”

39 Men Jezi reponn yo: “Se sèlman moun ki mechan ak moun ki plen peche k ap mande Bondye mirak. Men yo p ap jwenn lòt mirak eksepte mirak pwofèt Jonas[a] la. 40 Menm jan Jonas te pase twa jou ak twa nuit nan vant gwo pwason an se menm jan Pitit Lòm nan gen pou pase twa jou ak twa nuit nan vant latè.

Read full chapter

Footnotes

  1. 12:39 Jonas Yon pwofèt nan Ansyen Testaman an. Apre l fin pase twa jou anndan yon gwo pwason, li soti deyò vivan. Lè sa a, li pati ale nan lavil Niniv pou l te pote yon avètisman Bondye te ba li pou bay yo. Menm jan an tou, Jezi te gen pou l soti nan tonbo a vivan nan twazyèm jou a, sete you siy pou pwouve mesaje li te soti vrèman vre de Bondye.