Font Size
Matye 12:42-44
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 12:42-44
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
42 Nan jou jijman an, rèn ki te sòti nannsid la[a] ap leve kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske li te sòti jouk nan dènye bout latè pou l te ka tande ansèyman sajès Salomon yo. Men nou menm, nou refize koute, epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Salomon.”
Danje lè w rete vid
(Lik 11:24-26)
43 Lè yon move lespri sòti sou yon moun, li vwayaje pati al nan zòn dezè pou l chache yon lòt kote pou l rete. Si l pa jwenn, 44 li di tèt li: “M ap retounen nan ansyen kay mwen.” Men lè li l rive, li jwenn kay la byen bale, byen ranje, men li toujou vid.
Read full chapterFootnotes
- 12:42 rèn ki te sòti nannsid la Oubyen “rèn Cheba”. Li te vwayaje sou yon distans 1,600 km pou l te vin Jerizalèm tande sajès Bondye nan bouch Salomon. Gade nan 1 Wa 10:1-13.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International