Add parallel Print Page Options

44 li di tèt li: “M ap retounen nan ansyen kay mwen.” Men lè li l rive, li jwenn kay la byen bale, byen ranje, men li toujou vid. 45 Lè sa a, li pati al chache konkou sèt lòt move lespri ki pi mechan pase l. Yo antre sou moun nan. Lè konsa, moun nan vin pi mal pase jan l te ye anvan. Se menm bagay la ki gen pou rive jenerasyon jodi a k ap pratike mechanste.

Se disip Jezi ki vrè fanmi li

(Mak 3:31-35; Lik 8:19-21)

46 Pandan Jezi t ap pale ak foul moun yo, manman l ak frè l yo te vin parèt. Yo te vle pale avè l.

Read full chapter