Add parallel Print Page Options

Jezi ale nan vil kote l te grandi

(Mak 6:1-6; Lik 4:16-30)

53 Lè Jezi fin bay tout parabòl sa yo, li kite zòn kote l te ye a. 54 Li ale Nazarèt, kote li te grandi. Li kòmanse anseye nan sinagòg la. Tout moun ki t ap koute l te etone anpil. Yo t ap mande tèt yo: “Kote li jwenn kalite sajès sa a ak kalite pouvwa sa a pou fè mirak?” 55 Èske se pa pitit bòs chapant la? Se pa Mari ki manman l? Jak, Jozèf, Simon, Jid, èske se pa frè l yo ye?

Read full chapter