Add parallel Print Page Options

22 Pyè pran Jezi sou kote pou l rale zòrèy li. Li di li: “Bondye nan syèl la p ap janm pèmèt yon bagay konsa rive!”

23 Jezi fè yon vire sou Pyè, epi l di l: “Rale kò w sou mwen, Satan![a] Pa sèvi obstak devan m! Lide nan tèt ou pa gen anyen pou wè ak volonte Bondye, yo plis sou sa lèzòm ta vle.”

24 Apre sa, Jezi di disip li yo: “Si yon moun vle swiv mwen, fòk li bliye pwòp tèt li, fòk li pote kwa l epi swiv mwen.

Read full chapter

Footnotes

  1. 16:23 Satan Se yon non ki vle di “lènmi”. Jezi vle di Pye ap pale menm jan ak Satan.