Add parallel Print Page Options

26 Ki sa li t ap itil yon nonm pou l ta gen lemonn antye, si l ap pèdi pwòp lavi l? Kisa yon moun ka bay an echanj pou lavi li. 27 Pitit Lòm nan gen pou l retounen ak tout pouvwa Papa a, ansanm ak anj yo. Lè sa a, l ap bay chak moun sa yo merite, selon sa yo te fè. 28 Nou mèt kwè m lè m di nou: kèk nan nou ki la jodi a va wè Pitit Lòm nan lè l ap vini kòm chèf nan wayòm li a.”

Read full chapter