Add parallel Print Page Options

18 Apre sa, Jezi pase demon an lòd pou l soti sou ti gason an. Nan menm lè a, ti gason an te geri.

19 Apre sa, disip Jezi yo pwoche bò kot Jezi apa, epi yo mande l: “Poukisa nou pa t kapab chase move lespri a?”

20 Jezi reponn yo: “Se paske lafwa nou piti anpil! M ap di nou franchman si lafwa nou te gwosè yon ti grenn moutad, nou ta mèt di mòn sa a: retire kò w la, epi li t ap deplase san pwoblèm; anyen pa t ap parèt enposib devan nou.”

Read full chapter