Font Size
Matye 19:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 19:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
10 Lè disip yo tande sa, yo di Jezi: “Si se konsa bagay la ye nan relasyon gason ak fi, li ta pi bon pou yon nonm pa janm marye!”
11 Jezi reponn yo: “Se sèlman moun Bondye bay don pou sa ki konprann sa n ap di la a. 12 Gen moun ki pa marye poutèt jan yo fèt la: se bagay de nesans. Gen lòt moun ki pa marye[a] poutèt operasyon lèzòm fè sou yo. Gen kèk lòt moun ki deside pa marye pou yo ka fè sèvis Bondye pi byen. Sa a se pou moun ki ka fè l.”
Read full chapterFootnotes
- 19:12 moun ki pa marye Literalman, “gen moun ki enik”, moun ki pa marye. Gade Enik nan Lis Mo yo.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International