Add parallel Print Page Options

12 Gen moun ki pa marye poutèt jan yo fèt la: se bagay de nesans. Gen lòt moun ki pa marye[a] poutèt operasyon lèzòm fè sou yo. Gen kèk lòt moun ki deside pa marye pou yo ka fè sèvis Bondye pi byen. Sa a se pou moun ki ka fè l.”

Jezi resevwa timoun yo

(Mak 10:13-16; Lik 18:15-17)

13 Apre sa, yo te mennen kèk timoun bay Jezi pou l te ka poze men sou yo epi beni yo. Men disip yo menm t ap di moun yo non. 14 Lè sa a, Jezi di: “Kite timoun yo vin jwenn mwen, pa anpeche yo, paske wayòm syèl la se pou moun ki sanble avèk yo.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 19:12 moun ki pa marye Literalman, “gen moun ki enik”, moun ki pa marye. Gade Enik nan Lis Mo yo.