Add parallel Print Page Options

27 Apre sa, Pyè reponn, li di Jezi: “E nou menm ki kite dèyè tout sa nou te genyen pou nou vin swiv ou, kisa n ap jwenn?”

28 Jezi di yo: “Anverite m ap di nou, nan nouvo mond la, Pitit Lòm nan gen pou chita sou yon twòn laglwa li. Lè sa a, nou menm tou n a chita sou douz twòn pou nou jije douz tribi Izrayèl yo. 29 Nenpòt moun ki pati kite kay li, frè oswa sè, papa oswa manman, pitit oswa jaden l poutèt non mwen ap gen pou resevwa 100 fwa plis, epi l ap eritye lavi etènèl nan fanmi Bondye.

Read full chapter