Font Size
Matye 2:14-16
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 2:14-16
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
14 Jozèf pran manman an ak tout pitit la, li pati pandan lannuit la pou ale an Ejip. 15 Yo rete an Ejip jouktan Ewòd mouri. Vwayaj an Ejip la se yon aksyon ki fè nou konprann pi byen pwofesi ki di: “Mwen rele pitit gason m nan pou l soti kite peyi Ejip.”[a]
Ewòd touye tout bebe gason nan Bètleyèm
16 Lè Ewòd reyalize maj yo te fè l yon move kou, se pa ti fache l te fache. Li pase lòd pou yo touye tout ti gason soti nan zewo pou rive dezan nan Bètleyèm ak nan tout zòn ozalantou l yo. Ewòd te aji dapre kalkil li te fè selon sa l te aprann nan bouch maj yo konsènan lè zetwal la te parèt la.
Read full chapterFootnotes
- 2:15 Sitasyon sa a soti nan Oze 11:1.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International