Add parallel Print Page Options

20 Li di l: “Leve! Pran pitit la ak manman l, retounen nan peyi Izrayèl. Moun ki te vle touye l yo gen tan mouri.”

21 Konsa, Jozèf pran ti pitit la ak manman l, yo retounen nan peyi Izrayèl. 22 Men, lè Jozèf tande se Akelayis, pitit Ewòd la, ki te pran plas papa l kòm wa nan rejyon Jide a, li te pè pou retounen nan zòn sa a. Konsa, apre Bondye te avèti l nan yon rèv, Jozèf t al rete nan rejyon Galile pito.

Read full chapter