Add parallel Print Page Options

21 Konsa, Jozèf pran ti pitit la ak manman l, yo retounen nan peyi Izrayèl. 22 Men, lè Jozèf tande se Akelayis, pitit Ewòd la, ki te pran plas papa l kòm wa nan rejyon Jide a, li te pè pou retounen nan zòn sa a. Konsa, apre Bondye te avèti l nan yon rèv, Jozèf t al rete nan rejyon Galile pito. 23 Li t al rete nan yon ti vil yo rele Nazarèt. Sa fè nou konprann pi byen sa pwofèt yo te di a: “Y a rele li moun Nazarèt.”[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:23 Nazarèt Moun Nazarèt oubyen Nazareyen. Mo sa a sonnen nan lang ebre a tankou “branch”. Konsa li posib Bondye t ap fè referans a pwomès branch li te fè fanmi David. Gade nan Eza 11:1; Jer 23:5; 33:15; Zak 3:8; 6:12.