Font Size
Matye 2:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 2:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
7 Ewòd rele maj yo sou kote pou l chache konnen ki premye fwa yo te wè zetwal la. 8 Apre yo fin pale, Ewòd voye maj yo ale Bètleyèm. Epi li di yo: “Al pran bon jan enfòmasyon sou ti pitit la, lè nou jwenn li n a fè m konnen, paske mwen menm tou m ta vle adore l.”
9 Lè maj yo fin tande sa Ewòd di a, y al fè wout yo. Apre sa, zetwal yo te wè lè yo te an Oryan an reparèt, li kondui yo jouktan l rive sou kote pitit la te ye a.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International