Font Size
Matye 21:14-16
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 21:14-16
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
14 Kèk avèg ak moun enfim ki te nan lakou tanp lan te pwoche bò kote Jezi epi li geri yo. 15 Chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo te wè ki kalite mirak ki t ap fèt. Yo te wè kijan timoun yo ki te nan tanp lan t ap kriye: “Louanj pou Pitit David la!” Yo te vin fache anpil epi yo di Jezi:
16 “Èske w tande sa timoun yo ap di la a?”
Jezi reponn yo: “Wi, m tande! Bib la di:
Ou montre ata timoun ak ti bebe nan tete pou
yo fè louanj ou.[a]
Èske w pa li sa nan Bib la?”
Read full chapterFootnotes
- 21:16 Sitasyon sa a soti nan Sòm 8:2 (Vèsyon Grèk la).
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International