Add parallel Print Page Options

25 Ki kote batèm Janbatis la soti: bò kote Bondye oswa bò kote lèzòm?”

Lè sa a youn t ap di lòt: “Si nou reponn batèm Jan an soti nan Bondye, l ap mande nou poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a? 26 Men tou si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, n ap nan gwo pwoblèm ak pèp la, paske yo tout konsidere Jan kòm yon pwofèt.”

27 Konsa yo di Jezi: “Nou pa konnen ki kote l soti.” Jezi di yo:

“Si se konsa, mwen menm tou, mwen p ap di nou kilès ki ban m otorite pou m fè sa m fè yo.”

Read full chapter