Add parallel Print Page Options

31 Kilès nan de pitit yo ki te fè sa papa a te vle?”

Yo reponn li: “Pi gran an!”

Jezi di yo: “Anverite m ap di nou: pèseptè kontribisyon yo ak moun movèz vi yo ap pran devan nou nan wayòm Bondye a. 32 Mwen di sa, paske Janbatis vin anonse nou kijan pou nou viv nan yon fason ki dwat, men nou pa fè ka de li, epi pèseptè kontribisyon ak moun movèz vi yo te kwè nan mesaj la. Menm apre nou fin wè sa, nou pa montre okenn siy repantans ni nou pa kwè.”

Jezi bay yon istwa sou yon jaden rezen

(Mak 12:1-12; Lik 20:9-19)

33 “Koute yon lòt parabòl. Te gen yon pwopyetè ki te plante yon jaden rezen. Li fè kloti li, bare l. Li fouye yon basen kote pou yo kraze rezen yo pran ji a. Li bati yon gerit pou gadyen yo. Li remèt li bay kèk moun jere l epi li pati an vwayaj.

Read full chapter