Add parallel Print Page Options

Yon dezyèm fwa, li voye sèvitè l yo al kote envite yo pou di yo tout bagay gen tan pare. Mwen gen tan touye pi bon bèf mwen yo ak lòt bèt ankò. Tout bagay pare, m ap tann nou pou nou vin nan nòs la.

Men tout envite yo te fè la soudorèy, epi yo te kontinye ap regle zafè pèsonèl yo. Genyen k al travay nan jaden yo, gen lòt k al regle zafè komès yo. Gen yon lòt gwoup menm ki mete men sou sèvitè wa a, yo maltrete yo epi touye yo.

Read full chapter