Add parallel Print Page Options

Parabòl bankè a

(Lik 14:15-24)

22 Jezi te kontinye ap sèvi ak parabòl pou anseye pèp la. Li di yo: “Wayòm Bondye a se tankou yon wa ki prepare yon gwo resepsyon maryaj pou pitit gason l. Lè lè a rive, li voye sèvitè l yo pou fè envite yo sonje jou nòs la. Men tout moun li te envite yo te refize vini.

Yon dezyèm fwa, li voye sèvitè l yo al kote envite yo pou di yo tout bagay gen tan pare. Mwen gen tan touye pi bon bèf mwen yo ak lòt bèt ankò. Tout bagay pare, m ap tann nou pou nou vin nan nòs la.

Men tout envite yo te fè la soudorèy, epi yo te kontinye ap regle zafè pèsonèl yo. Genyen k al travay nan jaden yo, gen lòt k al regle zafè komès yo. Gen yon lòt gwoup menm ki mete men sou sèvitè wa a, yo maltrete yo epi touye yo. Sa te fè wa a fache anpil. Li voye sòlda l yo al touye tout asasen yo. Apre sa, li fè mete dife nan vil kote yo t ap viv la.

Apre sa, wa a di sèvitè l yo: Resepsyon nòs la fin pare, men nou te gen move kalite envite. Konsa, ale kanpe nan kafou yo, epi envite tout moun k ap pase pou yo vin nan resepsyon nòs la. 10 Sèvitè wa a soti nan lari a, yo ranmase tout moun yo te jwenn, bon moun tankou move moun. Konsa resepsyon an te vin plen moun.

11 Men lè wa a vin fè yon ti kontwòl sou moun ki te nan resepsyon an, li wè yon nonm ki pa t gen rad nòs sou li. 12 Wa a di l: zanmi m, kijan w fè kote w ye a san ou pa gen rad nòs sou ou? Men moun ki pa t gen rad nòs la pa t menm ka di yon mo. 13 Apre sa wa a di sèvitè l yo: Mare de pye l mare de bra l, epi voye l jete nan fènwa deyò a, kote k ap gen kriye ak manje dan an.

14 Wi, Bondye rele anpil moun, men se sèlman yon ti ponyen li chwazi.”

Jezi reponn yon kesyon pyèj

(Mak 12:13-17; Lik 20:20-26)

15 Apre sa, Farizyen yo kite kote Jezi t ap anseye a epi y al fè yon reyinyon. Yo t ap eseye tann yon pyèj pou Jezi, sitou nan sa l ap di. 16 Farizyen yo voye bò kote Jezi kèk disip pa yo ansanm ak kèk patizan wa Ewòd. Yo di li: “Mèt, nou konnen ou toujou met verite a kote l ye. W ap montre moun chemen Bondye. Sa ou gen pou di a, se li w ap di. Ou pa gade moun sou laparans. 17 Konsa nou bezwen genyen opinyon w sou kesyon sa a: Èske se byen pou nou kontinye peye taks bay Seza, wi ou non?”

18 Men Jezi te konnen ki movèz entansyon yo te genyen nan poze l kesyon sa a. Konsa li di yo: “Bann ipokrit! Poukisa n ap chache pran m nan pyèj? 19 Montre m yon pyès lajan nou sèvi pou nou peye taks.” Yo pote yon pyès kòb ba li. 20 Li mande yo: “Foto ki moun ak non ki moun ki sou pyès kòb sa a?”

21 Yo reponn li: “Foto Seza ak non Seza.”

Epi li di yo: “Bay Seza sa k pou Seza, bay Bondye sa k pou Bondye!”

22 Apre yo fin tande repons sa a, yo te tèlman sezi, yo kite Jezi repo. Y ale fè wout yo.

Kèk Sadiseyen ap chache pyeje Jezi

(Mak 12:18-27; Lik 20:27-40)

23 Nan menm jou a, kèk Sadiseyen te vin kote Jezi. (Sadiseyen yo pa kwè nan koze rezirèksyon.) Men kesyon yo te poze l: 24 “Mèt, Moyiz te anseye si yon mesye marye mouri san l pa gen pitit, frè li dwe marye ak madanm defen an, pou l ka fè pitit pou frè ki mouri a.[a] 25 Vwala te gen yon fanmi ki te gen sèt pitit gason. Premye frè a marye, li mouri san fè pitit. Konsa dezyèm frè a marye ak madanm defen an. 26 Menm bagay rive dezyèm ak twazyèm frè a, jouk yo tout sèt la te marye ak menm fi a epi mouri san fè pitit. 27 Fi a vin mouri an dènye. 28 Kòm yo tout sèt la te marye ak menm fi a, apre rezirèksyon an, madanm kilès l ap ye?”

29 Jezi reponn, li di yo: “Nou nan erè, paske nou pa konnen sa Bib la di, ni nou pa konprann pouvwa Bondye. 30 Youn nan bagay nou bezwen konprann, apre rezirèksyon an, p ap gen koze maryaj ankò. Nou ap tankou anj nan syèl la. 31 Sou kesyon rezirèksyon an, èske nou pa janm li sa Bondye di nan pwòp avantaj nou: 32 Mwen se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak la, ak Bondye Jakòb la?(A) Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan.”

33 Foul moun yo te etone anpil lè yo tande jan Jezi t ap anseye.

Ki kòmandman ki pi Empòtan?

(Mak 12:28-34; Lik 10:25-28)

34 Lè Farizyen tande jan Jezi te fèmen bouch Sadiseyen, yo fè yon reyinyon. 35 Youn ladan yo, yon ekspè nan Lalwa Moyiz la, poze Jezi kesyon sa a: 36 “Mèt, ki pi gran kòmandman ki gen nan Lalwa a?”

37 Jezi reponn li: “Renmen Senyè Bondye ou la ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout panse ou.(B) 38 Sa a se premye ak pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan ki sanble ak premye a se: Renmen pwochen w[b] menm jan ak pwòp tèt pa w.(C) 40 Tout sa ki ekri nan Lalwa ak Pwofèt yo chita sou de gwo kòmandman sa yo.”

Èske Mesi a se pitit David?

(Mak 12:35-37; Lik 20:41-44)

41 Pandan Farizyen yo te kòmanse ap rasanble, Jezi poze yo yon kesyon: 42 “Ki sa nou panse konsènan Kris la? Pitit kilès li ye?”

Yo reponn li: “Li se pitit David.”

43 Jezi di yo: “Si se konsa, poukisa David rele l Senyè? Se anba kontwòl Sentespri David t ap pale, lè l di:

44 Bondye di Senyè m nan:
Chita sou bò dwat mwen,
    jiskaske m fè lènmi w yo
    tonbe anba pouvwa w!(D)

45 Bon, si David rele Mesi a Senyè, kijan li ta ka fè pitit David ankò?”

46 Tout moun te rete bouch be! Depi lè a tou tout moun te kraponnen, pèsonn pa t brav ase pou poze Jezi kesyon ankò.

Footnotes

  1. 22:24 Gade nan Det 25:5.
  2. 22:39 pwochen w Oubyen “Lòt moun”. Sa Jezi ansye nan Lik 10:25-37 montre aklè sa vle di nenpòt moun ki nan bezwen.