Add parallel Print Page Options

13 Kanta pou nou Farizyen ak pwofesè lalwa, yon malè tèrib gen pou tonbe sou nou! Nou twò ipokrit! Nou mete barikad sou wout ki mennen nan wayòm syèl la. Nou pa prale! Epi nou fè sa kapab pou anpeche lòt moun antre. 14 [a]

15 Kanta pou nou Farizyen ak pwofesè lalwa, yon malè tèrib gen pou tonbe sou nou! Nou twò ipokrit! Nou vwayaje toupatou sou lanmè tankou sou tè pou n chache konvèti moun. Lè nou jwenn youn, nou fè l vin merite lanfè de fwa plis pase nou.

Read full chapter

Footnotes

  1. 23:14 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 14 la: “Kanta pou nou Farizyen ak pwofesè lalwa, yon malè tèrib gen pou tonbe sou nou! Nou twò ipokrit! N ap manje grenn je vèv yo, epi n ap fè gwo priyè long pou moun ka wè nou. Poutèt sa, pinisyon pa nou ap pi rèd pase pa lòt moun.” Gade nan Mak 12:40 ak Lik 20:47.