Font Size
Matye 23:21-23
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 23:21-23
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
21 Si yon moun fè sèman sou tanp la, li fè sèman sou Bondye ki nan tanp la tou. 22 Si yon moun fè sèman sou syèl la, li fè sèman sou chèz boure Bondye a, ak sou Bondye ki chita sou li.
23 Malè pou nou, nou menm Farizyen yo ak pwofesè lalwa yo! Nou twò ipokrit! Paske nou bay Bondye ladim sou pye mant, pye anetwale ak pye pèsi.[a] Men kanta pou sa ki enpòtan yo nan lalwa Moyiz la tankou jistis, kè sansib, fidelite, nou kale yo yon bèl vag.
Read full chapterFootnotes
- 23:23 nou bay … pye pèsi Literalman, “Ou bay ladim sou mant, anetwale, epi pèsi.” Lalwa Moyiz la te oblije moun Izrayèl yo pou ye te pataje pwovizyon manje yo, yo te dwe konsakre yon dizyèm pati nan rekòt jaden yo ak sa yo te genyen bay Bondye (gade nan Lev 27:30-32; Det 26:12). Sa pa t gen ladan ti plant piti konsa jan yo mansyone l isit la. Konsa Farizyen yo te bay plis pase sa yo te dwe pou yo te kapab sèten yo pa t vyole Lalwa.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International