Font Size
Matye 23:25-27
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 23:25-27
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
25 Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou netwaye deyò tas la ak deyò bòl la byen netwaye, men anndan yo plen ak bagay nou vòlè pou nou fè tèt nou plezi. 26 Farizyen avèg! Netwaye anndan tas la an premye, se lè sa a deyò a ap vin pwòp toutbon.
27 Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou tankou tonm yo pentire an blan. Deyò nou parèt byen bèl, men anndan nou plen ak zosman moun mouri ak tout kalite malpwòprete.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International