Font Size
Matye 23:3-5
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 23:3-5
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
3 Obeyi epi fè tout sa yo anseye nou. Men pa fè sa yo fè, paske yo pa pratike sa y ap anseye a. 4 Yo fè yon pakèt lwa ki difisil pou moun obeyi, epi nou oblije pèp la obeyi yo, epi yo menm, yo p ap menm eseye fè sa lwa sa yo mande.[a]
5 Tout sa y ap fè se pou moun ka wè yo. Pa egzanp, pou yo montre moun jan yo espirityèl, yo fè ti bwat vèsè[b] yo abitye pote sou bra oubyen nan fwon pi gwo pase pa lòt moun. Yo mete franj[c] nan manto yo pi long pase pa lòt moun.
Read full chapterFootnotes
- 23:4 Oubyen “Yo mete sou do pèp la chay ki byen lou, ki difisil pou yo pote. Alòske yo menm, yo p ap menm touche l k ti dwèt yo.”
- 23:5 bwat vèsè Se yon ti bwat kui ki gen 4 vèsè enpòtan ladann. Gen kèk Juif ki konn mare yo sou fwon yo oubyen sou bwa goch pou montre jan yo atache a Bondye ak pawòl li. Anpil Farizyen te konn fè bwat pa yo pi gwo pase pa lòt moun yon fason pou di yo pi bon pase lòt moun.
- 23:5 franj Se yon dekorasyon ki fèt ak fil lèn ki te pann nan kat kwen manto oswa chal Juif yo met sou tèt yo pou yo priye. Yo te la pou fè yo sonje kòmandman Bondye yo (Nb 15:38-41).
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International