Add parallel Print Page Options

35 Konsa, n a resevwa chatiman pou tout moun inosan ki mouri sou latè soti sou Abèl, yon nonm ki te inosan, pou rive sou Zakari,[a] pitit Barachi a, nou te asasinen ant lotèl la ak kay ki apa pou Bondye a. 36 M pa kache di nou sa, Bondye p ap manke pini jenerasyon sa a.

Jezi bay avètisman pou Jerizalèm

(Lik 13:34-35)

37 Jerizalèm, O Jerizalèm! Ou touye pwofèt Bondye yo! Ou lapide mesaje Bondye yo! Mwen pa konn konbyen fwa mwen eseye rasanble tout pitit ou yo menm jan yon manman poul rasanble tout pitit li anba zèl li. Men ou pa janm vle!

Read full chapter

Footnotes

  1. 23:35 Abèl, Zakari Nan Ansyen Testaman an ki nan lang Ebre, Abèl se premye moun yo te touye, epi Zakari se dènye moun yo te touye.