Add parallel Print Page Options

30 Lè sa a, ap gen yon siy ki parèt nan syèl la ki montre Pitit Lòm nan ap vini. Tout pèp sou latè pral pete gwo rèl. Tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè. 31 Konsa gen yon gwo twonpèt ki va sonnen, epi Pitit Lòm va voye anj li yo nan kat kwen latè pou rasanble moun pa l yo, kelkeswa kote yo.

32 Pran leson sou yon pye figye. Depi l kòmanse pouse boujon, epi l pouse fèy, nou konnen lete rive.

Read full chapter