Add parallel Print Page Options

37 Li pran avè l Pyè ak de pitit gason Zebede yo. Li te kòmanse santi gwo tristès ak anpil kè sere. 38 Jezi di disip ki te avè l yo: “Kè m tèlman lou, mwen santi se mouri m ap mouri. Kenbe m konpay, pa kite dòmi pran nou.”

39 Li fè yon ti avanse pi devan, li lage kò l atè fas anba, epi l kòmanse priye: “Papa, si se posib, pa kite m pase anba kalite soufrans[a] sa a. Men, se pa sa m vle ki pou fèt, se sa ou vle.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 26:39 soufrans Literalman, “koup”. Koup la se yon senbòl pou pale de soufrans la.