Add parallel Print Page Options

45 Apre sa li retounen bò kot disip yo, epi l di yo: “N ap dòmi toujou? N ap repoze kò nou? Tande non, lè a rive! Yo pral livre Pitit Lòm nan bay mechan yo. 46 Leve! Ann ale! Men moun k ap livre m nan rive.”

Yo arete Jezi

(Mak 14:43-50; Lik 22:47-53; Jan 18:3-12)

47 Jezi pa t ko menm fin pale, lè Jida, youn nan douz disip yo, te parèt. Chèf prèt yo, ak lidè Juif yo te voye avè l yon foul moun ame ak nepe epi baton.

Read full chapter