Font Size
Matye 27:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 27:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Yo mennen Jezi bay Pilat
(Mak 15:1; Lik 23:1-2; Jan 18:28-32)
27 Byen bonè nan maten, tout chèf prèt yo ak tout lidè Jwif yo te pran desizyon pou yo touye Jezi. 2 Yo mare li, yo kondui li epi yo livre l bay Pilat, gouvènè a.
Jida touye tèt li
(Trav 1:18-19)
3 Lè Jida, moun ki te trayi Jezi a, wè yo pral touye l, li regrèt sa l te fè a. Li pote trant pyès lajan an remèt chèf prèt yo ak lòt lidè Jwif yo.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International