Font Size
Matye 27:54-56
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 27:54-56
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
54 Ofisye a ak sòlda yo ki te la pou veye kò Jezi a te vin pè anpil, lè yo wè tranbleman tè a ak tout lòt evènman yo. Yo di: “Vrèman vre, nonm sa a se te Pitit Bondye.”
55 Te gen plizyè medam ki te kanpe a distans ap gade sa k ap pase. Medam sa yo se moun ki t ap swiv Jezi espesyalman pou yo te ka pran swen l, depi lè l te nan Galile. 56 Pami yo nou jwenn Mari, moun Magdala a, Mari manman Jak ak Jozèf, epi manman Jak ak Jan pitit Zebede[a] yo.
Read full chapterFootnotes
- 27:56 Jak ak Jan pitit Zebede Literalman, “pitit gason Zebede yo”.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International