Font Size
Matye 4:21-23
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 4:21-23
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
21 Jezi te mache yon ti kras pi lwen, li te wè de lòt frè, Jak ak Jan, pitit Zebede yo. Yo te nan yon bato ak Zebede, papa yo. Yo t ap repare senn yo. Jezi rele yo pou yo vin swiv li. 22 San pèdi tan, mesye yo leve, yo kite papa yo nan bato a, epi yo swiv Jezi.
Jezi anseye pèp la epi li geri anpil moun
(Lik 6:17-19)
23 Jezi t ap mache toupatou nan rejyon Galile a; li t ap anseye nan sinagòg yo epi li t ap preche pèp la bòn nouvèl wayòm nan. Li t ap geri tout kalite maladi nan mitan pèp la.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International