Add parallel Print Page Options

Li di Jezi: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, lage kò w anba, paske Bib la di:

L ap bay anj li yo lòd pou yo veye sou ou.
Epi y ap pote w nan men yo,
    pou pye w pa frape nan wòch.”[a]

Jezi reponn li: “Men sa Bib la di tou: Ou pa dwe tante Senyè Bondye w.[b]

Apre sa, dyab la mennen Jezi sou tèt yon mòn ki wo anpil, epi li montre l tout wayòm sou latè ak tout bèl bagay ki ladan yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 4:6 Sitasyon sa a soti nan Sòm 91:11-12.
  2. 4:7 Sitasyon sa a soti nan Det 6:16.