Add parallel Print Page Options

Sèl ak limyè latè

(Mak 9:50; 4:21; Lik 14:34-35; 8:16)

13 Ou se sèl latè. Men si sèl la pèdi gou sale l, pa gen anyen yo ka fè pou l vin gen gou sale ankò. Sèl sa a vin pa itil anyen ankò. Yon sèl bagay yo ka fè avè l: se lage l atè pou pye pilonnen l.

14 Ou se limyè lemonn. Lè yon vil chita sou tèt yon mòn tout je ka wè l. 15 Yo pa konn limen lanp pou yo mete l anba bokit. Men yo mete l yon kote byen wo pou l ka klere je tout moun ki nan kay la.

Read full chapter