Add parallel Print Page Options

22 Se je yon moun ki sèvi kòm sèl sous limyè[a] pou rès kò a. Si ou gade lòt moun avèk yon je jenere, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak limyè. 23 Men, si ou gade moun ak move je, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak fènwa. Epi si limyè a plonje nan fènwa, pa gen anyen ki ka retire l.

24 Pèsonn pa ka janm sèvi de mèt alafwa. Se oubyen li rayi youn epi li renmen lòt la. L ap sèvi youn byen epi l ap meprize lòt la. Li pa posib pou nou sèvi Bondye ak richès[b] anmenmtan.

Read full chapter

Footnotes

  1. 6:22 Se je yon moun … sous limyè Zye w reprezante jan w gade moun. Jan w konsidere moun montre tou ki kalite moun ou ye.
  2. 6:24 richès Oubyen “mamon”. Se yon mo arameyen ki vle di “lajan” osinon “richès”.