Font Size
Matye 6:24-26
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 6:24-26
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
24 Pèsonn pa ka janm sèvi de mèt alafwa. Se oubyen li rayi youn epi li renmen lòt la. L ap sèvi youn byen epi l ap meprize lòt la. Li pa posib pou nou sèvi Bondye ak richès[a] anmenmtan.
Mete Wayòm Bondye a anvan tout bagay
(Lik 12:22-34)
25 Se poutèt sa mwen di nou: Pa bay kò nou traka pou kisa n ap manje, osinon ki kote n ap jwenn rad pou n met sou nou. Èske lavi pa gen plis valè pase manje? Èske kò a pa gen plis valè pase rad? 26 Gade zwazo yo k ap vole, yo pa simen, yo pa rekòlte, yo pa gen depo manje. Epoutan, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje pou yo manje. Èske nou pa gen plis valè pase zwazo yo?
Read full chapterFootnotes
- 6:24 richès Oubyen “mamon”. Se yon mo arameyen ki vle di “lajan” osinon “richès”.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International