Font Size
Matye 6:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 6:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi anseye kijan pou n lapriyè
(Lik 11:2-4)
5 Lè ou ap priye pa fè tankou ipokrit yo. Yo renmen kanpe nan sinagòg ak nan kafou pou priye byen fò, paske yo bezwen lòt moun wè y ap priye. Anverite m ap di nou: yo jwenn rekonpans yo deja. 6 Men ou menm lè ou ap priye antre nan chanm ou, fèmen pòt la. Apre sa, priye Papa w. Li menm ki konnen tout sekrè, l ap ba w rekonpans ou.
7 Lè ou ap lapriyè, pa plede ap repete menm mo yo plizyè fwa menm jan ak moun ki pa konnen Bondye yo. Yo panse se afòs yo pale anpil yo va jwenn repons.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International