Add parallel Print Page Options

11 Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konnen bon jan kado pou nou ofri pitit nou, ou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la ap bay moun ki mande l bon bagay.

Yon prensip ki vo plis pase lò

12 Tout sa ou ta renmen lòt moun fè pou ou, fè l pou yo tou, paske se sa menm lalwa Moyiz la ak pawòl pwofèt yo di.

Chwazi chemen ki pi piti a

(Lik 13:24)

13 Antre nan ti baryè piti a! Gwo baryè a louvri sou yon chemen laj. Chemen sa a mennen toudwat nan pèdisyon. Anpil moun gen tan pran chemen sa a.

Read full chapter