Font Size
Matye 8:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 8:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi geri yon nonm malad
(Mak 1:40-45; Lik 5:12-16)
8 Jezi desann mòn nan, epi yon gwo foul moun t ap swiv li. 2 Yon nonm ki t ap soufri ak maladi lèp te pwoche kote Jezi. Li lage kò l nan pye Jezi epi l di: “Mèt, si ou vle ou ka geri m!”
3 Jezi lonje men l, li touche nonm ki te malad la. Epi li di: “Mwen vle w geri!” La menm nonm nan te geri.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International