Add parallel Print Page Options

Jezi chase demon sou de mesye

(Mak 5:1-20; Lik 8:26-39)

28 Lè Jezi rive nan peyi Gadarenyen[a] yo, sou lòtbò lak la, de mesye te vin rankontre l. Mesye sa yo t ap viv nan yon simityè, epi yo te gen demon sou yo. Mesye sa yo te reprezante yon gwo danje, pèsòn pa t oze pase nan wout sa a ankò. 29 Yo te rele byen fò: “Pitit Bondye a, ki rapò nou gen avè w? Èske ou vin pou toumante nou anvan lè a rive?”

30 Nan menm zòn nan, te gen yon bann kochon ki t ap manje.

Read full chapter

Footnotes

  1. 8:28 Gadarenyen Kèk kopi nan lang Grèk genyen “Jerazenyen”, kèk lòt ankò genyen “Jegazenyen”.