Font Size
Matye 8:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 8:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
9 Mwen menm tou, m anba otorite yon lòt moun, epi mwen gen anpil sòlda anba otorite m. Lè m di youn ‘Ale,’ li ale. Lè m di yon lòt ‘Vini,’ li vini. Lè m di sèvitè m ‘Fè tèl bagay,’ li fè l.”
10 Lè Jezi tande pawòl sa yo, li te admire lafwa ofisye a. Li di moun ki t ap swiv li yo: “Menm nan peyi Izrayèl mwen pa jwenn yon moun ki gen tout lafwa sa a.” 11 M ap di nou yon bagay ki pi enpòtan toujou: “Gen moun k ap soti toupatou nan lès ak nan lwès pou vin chita manje ak Abraram, Izaak epi Jakòb nan wayòm syèl la.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International