Add parallel Print Page Options

33 Apre Jezi fin chase demon an, bèbè a te kòmanse pale ankò. Foul la pa t manke sezi lè yo te wè sa a epi yo t ap di: “Se premye fwa nou wè yon bagay konsa nan Izrayèl.”

34 Men, Farizyen yo t ap di: “Se chèf demon yo ki ba li pouvwa pou l chase demon.”

Kè Jezi fè l mal pou pèp Jwif la

35 Jezi te vwayaje anpil. Li pase nan gwo vil tankou nan ti vil. Li t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a. Li t ap anseye nan sinagòg yo. Li geri tout kalite maladi.

Read full chapter