Font Size
Oze 2:5-7
Haitian Creole Version
Oze 2:5-7
Haitian Creole Version
5 Manman yo lage kò l' nan fè jennès. Wi, li menm ki te pote yo nan vant li, li avili tèt li, paske l'ap di: mwen pral jwenn nonm mwen yo. Yo ban m' tou sa m' bezwen. Yo ban m' manje, yo ban m' bwè. Yo ban m' twal lenn ak twal fen. Yo ban m' lwil oliv, yo ban m' diven pou m' bwè.
6 ¶ Se poutèt sa mwen pral fèmen l' nan mitan yon lantouraj pikan. Mwen pral moute yon gwo miray fè wonn li. Konsa li p'ap ka mete pye l' deyò.
7 L'a chache mwayen pou li al kouri dèyè nonm li yo, men li p'ap ka rive jwenn yo. L'a chache yo toupatou, men li p'ap jwenn yo. Lè sa a, l'a di: M'ap tounen vin jwenn premye mari mwen an, paske avè l' zafè m' te pi bon pase koulye a.
Read full chapter