Font Size
Resansman 1:19-21
Haitian Creole Version
Resansman 1:19-21
Haitian Creole Version
19 dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la. Se nan dezè Sinayi a yo te fè resansman tout pèp la.
20 Se konsa yo konte tout gason nan branch fanmi Woubenn, premye pitit Jakòb la, tou sa ki gen ventan ak tou sa ki pi gran epi ki bon pou fè lagè. Yo pran non yo yonn apre lòt, yo di pitit ki moun yo ye, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo.
21 Yo jwenn karannsimil senksan (46.500) gason pou branch fanmi Woubenn lan.
Read full chapter