Font Size
Resansman 14:1-3
Haitian Creole Version
Resansman 14:1-3
Haitian Creole Version
14 ¶ Lè sa a, pèp la pran rele byen fò, yo pase tout nwit la ap kriye san rete.
2 Yo tout t'ap bougonnen sou Moyiz ak Arawon. Yo vin di yo konsa: -Pito nou te mouri nan peyi Lejip osinon nan dezè a!
3 Poukisa Seyè a mennen nou nan peyi sa a? Koulye a, yo pral touye nou nan lagè, yo pral pran madanm ak pitit nou yo fè yo tounen esklav. Pa pito nou tounen nan peyi Lejip?
Read full chapter